EXHIBITION CONTENTS

 


PART 1
JACQUES BARTOLI COLLECTION
PRESENTED BY THE HAITIAN RESOURCE DEVELOPMENT FOUNDATION



Haiti is one of the few countries in the world where pictorial art seems omnipresent. This is because there are thousands of Haitians, many of them geniuses, motivated to depict and communicate their lives, their hopes, their philosophies, world views, and their spirituality, including vodou. This exhibition salutes the exceptional lifelong effort and accomplishment of Dr. Jacques Bartoli who, for more than forty years, with his wise judgment of each canvas, has acquired paintings of immense impression and impact. These are exclusively from Haitian artists, many of whom are unknown beyond their immediate communities.

Carefully selected and protected by Dr. Bartoli, these paintings contribute to Haiti's cultural heritage and become worthy of widespread viewing, study, and appreciation of the Haitian condition that is one part Paradise and one part Purgatory.

The Haitian Resource Development Foundation, which Dr. Bartoli co-founded in 1987 and continues as a board member, initiates, and supports projects in health, education, science, art and culture, economy, disaster preparedness, and response. HRDF is proud to have helped bring this exhibit to the people of New Orleans Louisiana.

 


PART 2
ARTWORKS COMMISSIONED BY MAX-JEAN-LOUIS

Nou chwazi mete lang kreyòl la nan ekspozisyon sa a, nan lide pou nou kore angajman nou pou Lang sa a ki se yon eleman fondalnatal nan idantite pèp nou yo. Desizyon sa jwenn enspirasyon li nan dènye travay chèchè ak espesyalis tankou Frederick Barth, ki souliye lide ki fè kwè idantite yon gwoup etnik chita kòl plis nan jan y ap aji ak yon lòt, pase sa ki anndan lakilti li. Kidonk, lang kreyòl la kite wòl Zouti kominikasyon l genyen an pou l vin tounen yon konkennchenn eleman anndan idantite pèp oubyen gwoup etnik ki mèt li a. 

Lide kreyolizasyon mete aklè karaktè brit sou kou pwosesis rankont ant divès eleman etranje yo, pandan l ap klere chimen nou sou dinamik melanj sa ki pral mennen kreyolizasyon an. Kreyolizasyon, bay idantite kiltirèl la fòm, pandan l ap devwale tout konplikasyon ki chita anndan echanj enfliyans ki diferan epi ki sòti tout kote.  Komisè ekspozisyon an, ak chwa sa, vle louvri je n sou richès tout kouch ki mèt idantite sa a. Li ilistre pou fini kijan dinamik sa a kontibye nan konstriksyon lakilti Ayiti ak Lalwizyàn.  

Poutèt nou chwazi bay lang Kreyòl la plas sa a, ekspozisyon sa tou louvri pòt pou n pran tan n pou n admire richès nan echanj kiltirèl ak kèk eleman enpòtan sou idantite ki make tou de rejyon sa yo. Pandan n ap mete limyè sou lang kreyòl sa a ki se yon eleman nan pwosesis sa a, ekspozisyon an ap montre aklè fòs pou tranfòme echanj ant plizyè kilti kapab genyen, pandan an menm tan li ap sèvi sipò pou richès sa k fè de sosyete sa yo, kapab apiye.

 



CHAPIT 1: LWA YO


Genyen yon pakèt bagay ki reyini Lwizyàn ak Ayiti, men vodou a, ou jwenn li nan plas nimewo 1. Etimoloji mo Vodun a chita nan lang Fon, (lang  pèp Wayòm Dahomey yo te konn pale, sa yo rele Benin jounen jodia). Kidonk nan lang sa a, vodou vle di lespri oubyen divinite. Prezans vodou an nan Ayiti ak nan Lwizyàn rakonte yon mòso nan listwa ki pote anpil doulè de tè sa yo pataje ansanm ; trèt negriye ak lesklavaj. Depi 1502, premye Afriken yo te kidnape yo rive an Ayiti, sa vle di 10 lane sèlman apre Panyòl yo fin rive sou tè an. Trèt Negriye an pral tanmen pi ta nan Lwizyàn, sa vle di nan lane 1719. On pakèt milyon afriken tou vini ak Djobolo bosou yo sou yo,  sa vle di yo te debake anndan koloni an ak tout lwa yo oubyen mistè yo sou yo.  Vodou ki te konn pratike nan Afrik « subsaharien » an sibi pakèt transfòmasyon lè l rive sou kontinan Meriken an. Li ranmase nan pratik premye pèp ki t ap viv sou tè yo (pèp otokton yo) epi l pral fòse mele ak krisyanis la tou. Fenomèn sa pral pote non kreyolizasyon sistèm kwayans sa a, ak vodou senkretik. 

Diferan Afriken ki sòti nan pati Lwès kontinan an, yo te bwote vin nan Nouvelle Orléans pou te sibi lesklavaj pandan tout 18èm syèk la, te blije adapte yo ak nouvo anviwonman ki te fòse vin tounen lakay yo a. Enfòmasyon sa yo ap pèmèt nou  konprann rasin vodou nan Nouvelle-Orléans an ak jan relijyon kretyen yo marinen anndan li. Se poutèt sa pratik sa ki pral pote non « Vodou Nouvèl Òleyan » oubyen «Vodou-Katolik » pral tounen youn nan espesyalite vil sa a. Kidonk li pral sèvi tankou yon endis pou moun idantifye vil sa a jounen jodia. Pa egzanp, yo asosye Legba ak Sen Patrik. Legba nan panteyon vodou a se Lwa ki reskonsap pòt kay lespri yo, pandan nan relijyon Katolik la lè w di Sen Patrick w ap pale de sila ki reskonsab kle paradi a. Si melanj sa ta ka sèvi kòm mwayen pou pratikan yo selebre relijyon katolik la ak vodou an, an menm tan, li te sitou pèmèt yo kamoufle pratik ki pa yo a, pou yo pat sibi plis pèsekisyon nan men kolon yo. Sa se jis yon egzanp nan mitan yon bann ak on pakèt ki ka pèmèt nou konprann aklè jan vodou an se yon gwo moso anndan Listwa ak nan patrimwàn kiltirèl Nouvèl Òleyan.     

Papa Legba, Bawon Samdi ak Grann Brijit, ki gen « vèvè » yo la, se twa lwa popilè An Ayiti ak nan Lwizyàn. Papa Legba se Mèt kafou, se li ki louvri pòt bay tout lòt lespri yo antre. Bawon Samdi ak Grann Brijit fòme yon koup wayal nan Wayòm mond Mò yo.

Si w ta vle mande pasay oubyen salye lamemwa konbatan pou libète yo, nan revolisyon Ayisyen an ak nan revòlt 1811 Lwizyàn nan, jis skane klòch sa ki devan vèvè lwa ki la yo.  

 



CHAPIT 2: SEVITE FANM YO


Ou pa fouti ap pale de fanm nan vodou, san w pa pale de Cecile Fatiman nan Ayiti oubyen Marie Laveau nan Lwizyàn. Cecile Fatiman se you manbo ki te jwe yon wòl enpòtan nan revolisyon Ayisyen an. Se fanm sa a ki te mete ansanm ak Bookman pou òganize epi mennen kongrè k t ap fèt nan mitan forè yo (sa n rele bwa kayiman an) ki make koumansman revolisyon Ayisyen an. Marie Lavau bò kote pa l se te yon manbo ki te viv nan Nouvelle Orléans nan 19è syèk la. Anpil moun te konnen li poutèt pouvwa li. Li pat gen okenn paspouki lè l ap founi èd li. Kit ou te blan kit ou te nwa, kit ou te pòv ki ou te rich, depi w t nan bezwen w vin kote l, l ap sèvi w sa w bezwen an kòmsadwa. 

De medam sa yo te pitit Afriken ki te sibi lesklavaj. Yo tou lè de te viv nan peryòd, lè sistèm dominasyon kraze zo a t ap layite kò li. De fanm sa yo pral itilize pouvwa yo ak enfliyans yo pou ede tout sila ki nan bezwen. Manbo Cecile Fatiman ak Manbo Marie Laveau, se de egzanp rezilyans ak fòs fanm yo nan tout lit ki pral mennen pèp nou an nan libète ak egalite. Istwa yo se sous enspirasyon pou tout sila ki deside goumen pou n viv nan yon mond kote tout moun ap viv selon jan yo sipoze viv.

 



CHAPIT 3: AYITI


Kote sa yo nou rele jodia Ayiti oubyen La Lwizyàn elatriye, se te pèp Otoktòn yo ki t ap viv ladan yo, anvan Ewopeyen yo debake sou li nan 15èm syèk, pou te vin fè yo sibi sistèm dominasyon kraze zo an ki pral dire plizyè syèk.   

Sou Zile Ayiti a (ki te gen ladann ni repiblik Ayiti ak tout Repiblik Dominikèn) pifò moun ki t ap viv sou li se te pèp Taïnos yo. Moun toujou rakonte kijan yo te ap viv pèzib nan respè youn pou lòt ak respè pou Lanati. Yo menm ak lanati te fè youn. Se poutèt sa menm non tè a, sa vle di Ayiti, nan lang pa yo vle di : yon tè kote lespri yo fè tounen kay yo. Christophe Colomb pral rive nan lane 1492 sou Zile a. San pèdi tan, li pral mete pèp Taïnos yo nan lesklavaj pou yo ka fouye Lò, ak lòt matyè yo jwenn anba tè a, panyòl yo pral fè dappiyanp sou yo epi vòlò. Pèp Taïnos an pat abitye ak mòd lavi sa, san konte pil viris panyòl yo te mennen sou zile a, pifò nan yo pral mouri byen vit. Se pou sa nan lane 1518, sa yo rele Trèt nwa a, pral tanmen tout bon sou zile a. Yon bagay enpòtan nou vle fè n sonje, plis pase 300 lane apre, nan lane 1804, lè Afriken yo kale lame Napoleon an, pi gran lame nan epòk sa dayè, pati Oksidantal zile a (Franse yo te nonmen Sendomeng), pral  reprann Non li te pote avan kolon yo te debake nan lane 1492 : Ayiti. 

Menm jan ak zile Ayiti a, anpil pèp otokton  t ap viv nan la Lwizyàn avan Ewopeyen yo te debake. Ou te genyen de pèp tankou Houmas, Chitimachas ak sila yo ki te pote non Caddo. Se te lachas, lapèch ak agrikilti ki te konn nouri pèp sa. Yo te genyen tou yon gwo richès nan relasyon yo te tabli ak envizib yo oubyen ak lespri yo. Memn jan ak Tainos yo an Ayiti, pèp otokton nan Lwizyàn te viv menm sistèm dominasyon kraze zo, ewopeyen yo te tabli a. Nan lane 1539, eksploratè panyòl la ki te rele Hernando de Soto a ak moun li yo, pral tanmen mete pèp otokton sa yo tout nan lesklavay. Syèk ki pral vini apre yo, Franse, Panyòl ak Meriken pral kontinye travay msye a sou bout tè sa tou. Nan lane 1718, Gouvènè Franse Lwizyàn nan pral adopte Kòd Nwa ki ta pral legalize lesklavaj pèp otokton sa yo. Yo pral aplike kòd sa depi ane sa a, jouk rive 1803, lè Franse pral vin oblije fòse vann la Lwizyàn bay Etazini. Poutan sa pat chanje anyen nan lavi pèp sa yo te ap mennen an. Meriken yo pral kontinye trete yo menm jan franse yo te konn ap trete yo a. Nan lane 1830, prezidan Etazini an, Adrew Jackson siyen « Indian Removal Act », ki ta pral otorize gouvvènman federal la rache pèp otokton yo sou tè zansèt yo te kite pou yo, bwote yo sou lòt teritwa nan lwès Misssissippi. Lwa sa a te genyen yon vye enpak sou Otokton ki t ap viv nan Lwizyàn yo. Antouka sou tout sila ki te blije kite tè yo te toujou konnen yo, ak tout lakilti yo pou al viv on lòt kote.  Jackson pakèt moun pral konsidere tankou se yon pèsonaj onorab pandan manda li nan tèt Etazini, jounen jodia poutèt zak sa yo li te poze sou pèp otokton yo, anpil mou ap pran konsyans sou kijan l pat pi bon moun pase sa. Dayè te menm gen manifestasyon ki fèt pou wete kèk moniman yo te mete pou onore l, tankou estati l ki  nan « Jackson Square », nan pak istorik vye kare Nouvèl Òleyan an.  

 



CHAPIT 4: SWAF LIBETE


Libète se yon konsèp abstrè epi konplèks an menm tan, ki te sèvi kòm motè pou deklanche yon pakèt konfli ak revolisyon. Tout sila ki t ap sibi sistèm esklavajis la te dezire yon sèl bagay jouk nan fen fon nanm yo, rejwenn libète yo, pou yo soti anba men sistèm dominasyon kraze zo fewòs sa. Lesklavaj se yon sistèm ki pa gen anyen pou wè ak lajistis, sila ki tonbe anba sistèm sa a, vin tounen yon byen pou sila ki mèt li a, epi blije bourike pou li san l pa touche okenn lajan. Vyolans ak diskriminasyon se mèt lavi yo. Se pou sa menm aspirasyon fondamantal yo se reprann libète yo, se sa k pral tounen pou yo yon sous motivasyon yo, e se libète a tou ki pral mennen tout fòm rezistans yo pral fè anndan plantasyon yo. 

Revolisyon an Ayisyen pral make aspirasyon libète sa ak fòs. Nan lane 1791, aprè sa n pral rele seremoni bwa kayiman an, esklav yo nan Sendomeng pral deside goumen kont sistèm dominasyon kraze zo ki te tabli a, pandan 13 lane. Aprè lagè kote pakèt moun pral pèdi lavi yo, esklav yo pral pote laviktwa, konsa yo pral fonde premye eta moun Nwa nan Emisfè Oksidantal la. Revolisyon sila pral sèvi tankou egzanp pou pakèt lòt moun ki t ap sibi sistèm dominasyon sa a nan tout mond lan. Li fè yo konprann yo kapab yo menm kase tout chenn lesklavaj. Yon lòt egzanp nou ka mansyone nan sans sa epi ki enpòtan anpil tou, se revolisyon k te fèt nan kot Alman yo. Nan lane 1811, kèk moun ki t ap sibi lesklavaj nan Lwizyàn, pral leve kanpe kont sistèm esklavajis la, nan lide pou yo met men sou vil Nouvèl Oleyan epi kreye yon Leta Nèg Nwè Lib epi endepandan. Menm si kolon yo te rive kwape revòlt sa, evenman sa fè nou konprann kijan Moun ki t ap sibi lesklavaj nan Lwizyàn te pare pou goumen, sakrifye tout bagay, nan lide pou reprann libète yo. 

Penti abstrè Harry Abilhomme yo ofri yon entèpretansyon san parèy ki envite n kontanple libète. Pent sa toujou fon jan pou zèv li degaje yon enèji ak yon lavi ki montre aklè pwisans lespri Moun.  

 



CHAPIT 5: SOLDA LIBETE


Syèk ale syèk vini, lesklavaj t ap taye banda. Kòm yo te konsidere moun ki sòti sou kontinan afriken an enferyè pa rapò ak blan yo, li te vin parèt nòmal pou yo viv tankou esklav. Nan Lwizyàn oubyen nan Sendomeng (Ayiti jodia), sistèm sa a te layite kòl toupatou. Sistèm esklavajis la se sa w te ka rele lenjistis an pèsòn, poutan yo adopte kòd nwa a nan sendomeng ak nan Lwizyàn pou reglemante fonksyonman ak kondisyon li.   

Nan kòd nwa a, esklav la se te yon byen mèb, sa vle di yon bagay yon lòt moun ka achte san pwoblèm. Li dekrete esklav la dwe mèt li obeyisans. Li fè konnen tou Mèt la kapab deside fè sa li pito ak esklav li. Konsa, esklav la vin yon bagay ki pa gen okenn dwa pou l viv tankou moun. Sa vle di l pa gen okenn dwa sou lavi li, li pa viv tankou moun lib, li pa ka sikile jan l vle, jan l pito, epi li pa gen dwa pou l gen okenn byen. Se minis Jean-Baptiste Colbert ki te elabore premye vèsyon kòd sa a ki pral vin fè lalwa  nan lane 1685. Louis XIV pral vini ak yon nouvèl vèsyon nan lane 1724. Lè w pran tan w li kòd sa ou ka rive konprann aklè tout vyolans ki te genyen anndan sistèm esklavajis la. Sa ap pèmèt ou konprann tou, kijan l te difisil pou ewopeyen yo ankò deside aboli sistèm sa yo te fin pran tan yo byen monte a.    

Nan Sendomeng, Afriken yo te deside goumen pou yo kwape sistèm dominasyon kraze zo sa. Nan lane 1791, yon ougan yo rele Boukman, nan sa n rele jodia seremoni bwa kayiman an ki te fèt nan mòn wouj, pa lwen okap, pral lanse revolisyon ayisyen an. Dayè rasanbleman sa a ka konsidere san patipri, tankou premye kongrè panafriken nou janm konnen nan Listwa. Li pral mennen nou nan laviktwa lame jeneral Jean Jacques Dessalines nan, nan vètyè jou ki te18 novanm 1803, sou lame Napoleyon an ki te lame pi pwisan nan mond lan. Viktwa sa pral pèmèt pwoklamasyon solanèl lendepandans premye nasyon kote moun nwa ap viv lib, jou ki te premye janvye 1804 la.   

20 lane pase depi revolisyon Ayisyen an te koumanse, yon kantite moun k ap sibi lesklavaj nan Lwizyàn, pral pran revolisyon sa pou modèl, pou yo lanse yo menm tou yon revòlt nan Lwizyàn. Pou n fè w konprann pi byen revòlt sa eklate nan Kot Alman yo, yon rejyon nan kòt sid Lwizyàn nan. Chèf revòlt yo te Charles Lalonde, Kook ak Ouamana. Malerezman, revòlt sa pap abouti kote chèf yo te vle mennen l lan. 

Nan pati sa a, nou kontan prezante w pòtrè kèk lidè revolisyon ayisyen an, ak revòlt 1811 ki te fèt nan Lwizyàn. 

 



CHAPIT 6: FANM


Nan tout listwa mond lan, yo te toujou mete Fanm yo deyò lè y ap pale de gran akomplisman kote kèk moun deside leve kanpe kont tout sistèm enjistis epi ki pote laviktwa.  Ou jwenn menm pratik la lè y ap pale n de revolisyon ayisyen an, kote yo te près efase kontribisyon fanm tankou Marie Jeanne Lamartinière ak Marie Claire Heureuse Félicité Bonheur, pou yo te pale selman de mesye yo. Se vre si se pat moun tankou Toussaint Louverture oubyen Jean-Jacques Dessalines revolisyon Ayisyen an te gendwa pa posib, men n dwe konprann medam yo te pote gwo kontribisyon nan siksè evenman sa a. Marie-Jeanne yo bay pote non Jeanne d’Arc Ayiti, se te yon solda ki te konn mennen gwo batay tankou sa ki te fèt nan Crête à Pierrot a nan lane 1802. Lè n gade kijan Marijànn te kanpe menm kote ak mari li Louis Daure Lamartinière pou goumen, nou ka temwanye plas egalite nan lit ki t ap mennen nan peryòd sa kont lenjistis. 

Nan yon lòt bò, nou te genyen Marie Claire Heureuse Felicite Bonheur Dessalines, ki te marye ak chef revolisyon an ki t ap al vini premye Lanperè Ayiti, ki se Jean-Jacques Dessalines. Fanm sa li menm kontribisyon pa l li te pote l nan swaye tout moun ki te blese pandan lagè yo. Li te jwe yon gwo wòl nan mennen sòlda ki blese yo nan sant medikal ki te la pou sa. Pou n rekonèt plas medam sa yo nan ekspozisyon an, nou genyen Atis tankou Patricia Brintle ki li menm kreye pòtrè pou reprezante Marie-Jeanne ak premye enperatris peyi Ayiti. Nou genyen tou Alina Allen, ki kreye yon pakèt zèv ki ka kenbe atansyon w tankou « tribu », ki itilize talan atistik yo pou louvri je nou sou kèk pati nan listwa nou nou pa twò konnen. Pandan n ap dekouvri aklè imaj potorik fanm sa yo ki te batay pou libète, Patricia ak Alina chita fòs solidarite ki te genyen ant medam yo ak egalite ki te genyen nan mitan tout moun ki t ap goumen pou libète. 

Goumen pou Libète ak egalite pa yon lit ou mennen sou chan batay sèlman, ou goumen pou li nan politik tou lè w okipe gwo pozisyon nan leta yon peyi. Ansyen fanm prezidan Ayiti a, Ertha Pascal Trouillot, se yon bon egzanp pou montre kijan lit pou egalite nan mond lan pap janm kanpe. Non selman l te premye fanm ki prezidan peyi a, men tou li te premye jij fanm nan kou siprèm peyi a janm konnen. Madan Trouillot te prete n ak anpil plezi kèk foto li te gen nan achiv li pou n ekspoze, yon fason pou n raple pasaj fanm nan pouvwa. 

N ap gen chans wè nan ekspozisyon an, kèk temwayaj patisipasyon kèk fanm nan lit k ap mennen pou libète, jistis sosyal ak respè dwa moun, nan listwa ansyen pwisans kolonyal yo. Zak moun tankou Christiane Taubira, ansyen minis jistis nan Lafrans se yon bon egzanp. Nick Edward Wooley byen reprezante gran fanm sa nan youn nan Zèv li yo, nan lide pou l wete chapo l devan gran fanm politik sa ki ap evolye nan tan nou an. Zèv sa raple n aklè enfliyans gran fanm sa nan lit sa yo pap janm mouri. 

Tout zèv sa yo ap pote yon gwo kontribisyon nan objektif ekspozisyon an ak tout angajman l te pran pou montre aklè travay konbatan sa yo, fanm kou gason, nan lit yo t ap mennen pou libète toupatou nan mond lan. 

 



CHAPIT 7: EKSPRIME LIBETE


“Ayiti-Lwizyàn : Vag Libète” nan Contemporary Arts Center (CAC) se yon ekspozisyon satelit (paske ekspozisyon prensipal la ap fèt nan Historic BK House and Gardens) ki ap fèt nan lide pou pale, konsyantize pandan l ap mete aklè kantite atwosite pèp ki te anba sistèm kolonyalis esklavzjis lan yo t ap sibi. Li tou ap fè n konprann an menm tan kijan sistèm ki pat gen anyen pou wè ak jan yo trete moun afekte tout pèp nan mond lan yo, jouk jounen jodia. Ak tout sipò sa yo, ekspozisyon sa envite n pran yon ti tan pou n chita pale sou diferan fòm  ak divès chimen lit pou mennen egalite pou tout moun sou latè ak libète ak repè divès lòt idantite, te pran. Siksè revolisyon ayisyen an ki tanmen nan lane 1791 lan pwouve nou kijan tout jèfò sa yo pote bon jan rezilta. Lendepandans Ayisyen pral debouche sou tout mouvman abolisyon ki pral vini apre yo, pandan l ap kontinye gen yon gwo enfliyans sou tout lòt koloni ki te nan vwazinay li yo. Se pou sa menm nou mete gwo limyè sa sou relasyon istorik ak kitirèl Ayiti ak Lwizyàn pataje, nan ekspozisyon sa.

Se vre ke ekspozisyon an ap prezante yon pakèt zèv yo komisyone ak seleksyone ki trete tèm ak kèk figi spesifik ki te jwe yon wòl enpotan nan revolisyon an, men nou te chwazi ankouraje atis yo pou yo mete tout kreyativite yo deyò nan chak grenn zèv yo t ap gen pou yo kreye, pandan y ap kenbe tout pratik atistik yo. Pyès Alyn Defay ak Youseline Vital, ki se de atis ki sòti Ayiti, reflete kapasite zèv atistik yo genyen pou yo rale kèk evenman ki te fin pase nan moman prezan an nan lide pou n kesyone sa k pral gen pou vini yo.

 



CHAPIT 8: MELANJE


“Ayiti-Lwizyàn : Vag Libète” nan yon sans jeneral, vle souliyen eritaj Ayiti ak Lwizyàn pataje ansanm. Pi plis toujou, l ap chache rapwoche de gwo evenman istorik ki konsène tou de teritwa yo : revolisyon ayisyen an (1791-1803) ak tout revòlt nan kòt Alman yo (1811).

Devan yon sistèm ekonomik ak sosyal ki la depi syèk pase epi ki chita sou eksplwatasyon ak rabesman ki baze sou diferans koulè po, konbatan nan Koloni Sendomeng (Ayiti jodia) ak konbatan Lwizyàn yo te leve kanpe pou goumen kont sistèm sa a, nan lane 1791, ak nan lane 1811, selman 20 lane ant de evenman yo.

Revòlt ki te fèt nan kot Alman yo, ki rele revòlt esklav 1811 lan tou, selon pakèt otè ak inivèsitè, te jwenn enspirasyon l nan evenman ki te pase nan koloni Sendomeng lan kèk lane avan. Sa yo rele jodia Pawas Sen Chal ak Sen Jan Batis la yo, se la Charles Deslonges ak kèk lòt konbatan ki te ap sibi lesklavaj, pral fè pi gwo revòlt nan listwa etazini, nou janm konnen.

Objektif nou lè n te deside monte ekspozisyon sa, se te jwenn yon jan pou nou mete yon gwoup atis ki plen talan ansanm ki sòti nan de tetitwa yo, pandan n ap itilize divès fòm atistik tankou penti sou twal, fotografi men tou kèk zèv sinema tankou kèk fim byen kout ki trete listwa rezistans pèp yo kont lesklavaj ak diskriminasyon ki baze sou koulè po an Ayiti ak Lwizyàn. 

Yo te komisyone Peter Nakhid pou ale nan plantasyon Destrehan, yon kote ki enpòtan anpil nan revòlt ki te fèt nan Kòt Alman yo kote kèk nan afwontman yo te dewoule, men tou kote jijman sila yo bay pote non rebèl yo, nan sistèm yo bay pote non lajistis yo a, pandan yo te gentan kondane yo anvan menm yo te fè jije yo.   

 



CHAPIT 9: FADENYA


In his poem “On the Origins of Things,” Listervelt Middleton consistently articulates a predominant thesis on Africa’s fundamental position. Like a leit- motif, he tirelessly enunciates an essential asser- tion:

“Minute by minute
Hour by hour
As you lose your history
You lose your power”

Thus, he advocates opening our eyes and sharpen- ing our ears so that clarity may illuminate our vision and understanding guide our listening.

Let’s adopt this enlightened approach as we briefly explore two concepts of African descent, largely un- known but undoubtedly present in the fabric of the contemporary world.

The concept of fadenya, developed by the Mandingo peoples of Africa (including the Malinké, Bambara, Dioula, Foula, etc.), literally means father-child. Ini- tially used to describe tensions between half-broth- ers of the same father and different mothers, it opposes the notion of badenya. Badenya, translated as “mother-child,” refers to the relationship between brothers and sisters of the same mother within the polygamous structure that exists among the Mande ethnic groups. It is characterized by harmony and cooperation. These concepts of the family setting have evolved and have been extended to politics

and other disciplines. Thus, fadenya is also used as a term for conflict in general. Innovation emerges from these conflicts, unlike the conformism that char- acterizes badenya. Fadenya enables individuals to question the established order and propose new, of- ten disruptive solutions. Thus, fadenya is seen as the source of political and social change in the Mande world, as the upheaval of the existing social order occurs due to the tension of fadenya.

As a consequence of the slave trade, the Mandingo peoples were taken to Saint-Domingue and Louisi- ana. An unprecedented human tragedy, the trian- gular trade uprooted millions of Africans from their homeland and reduced them to slavery. In this con- text, the concept of fadenya played a vital role in the resistance of the enslaved in both territories.

Thus, the marronnage is a more or less passive form of resistance practiced by rebels, consisting of flee- ing from the plantation or escaping from the mas- ter’s house to “save” themselves from the condition of enslaved people and hiding in the hills, caves, swamps, hard-to-reach areas and surviving with nature. This was probably the first manifestation

of fadenya, and then, as this exhibition shows, men and women went from the passive resistance of “marronnage” “crossing the Rubicon” to active re- sistance movements and revolts in the French colo- ny of Saint-Domingue and in Louisiana.

Dear visitors, the fight is not over. Many other estab- lished orders worldwide have succeeded the “estab- lished order” of slavery. They are all sources of in- justice, perpetuating inequality and discrimination. The road to change is often a long one. “Revolutions” can be veritable relay races, with a succession of seemingly disparate and even desperate actions and figures, but in reality, so proper and necessary in the long term.

The cacique (chief) Caonabo attacked the Spaniards in 1493 in the territory then called Ayiti-Quisqueya. Then, in 1522, the cacique Henri launched a revolt from the mountains of Baoruco. Following this, in the 1750s, Mackandal led multiple rebellions in the northwest of Santo Domingo, paving the road that led to the Bois-Caïman Sermon in 1791, and to the solemn proclamation of Haitian independence by the General-in-Chief of the Indigenous Army, Des- salines, on January 1, 1804.

The same was true of Louisiana: the Natchez revolt of 1729 and, much later, the Pointe-Coupée revolt of 1795 – already inspired by events in Saint-Domingue – all paved the way for the 1811 Slave Revolt, the larg- est revolt of enslaved people ever to take place in the United States.

As Curator, in developing the concept of this exhibi- tion, I wanted to connect the past, the present, and the future: the past with the history of resistance in Haiti and Louisiana, but also the present and the future in which you are the players. The future is a present that ignores itself. So I invite you to drink fadenya, embrace the duty of intranquility, and ques- tion the silent injustices of our time. Together, we can create a world where everyone lives free, equal, and at peace. It will take time, of course, but it is possible and, above all, necessary! It’s our turn to shape the future!

Goodbye and happy fighting!
Max Jean-Louis

 


HAITI-LOUISIANA
TIDES OF FREEDOM

An original exhibition of Haitian contemporary art presented by the Nous Foundation, the Historic BK House & Gardens, and Max Jean-Louis.


TEAM


Curator: Max Jean-Louis
Co-Curators: Scott Tilton, Rudy Bazenet, Annie Irvin, Joseph Makkos, Jane Hill
Graphic Designers: Rudy Bazenet, Katya Vaz
Exhibition Designer and Preparator: Delaney George
Co-Preparators: Troy Porter Jr., Derek T. George Sr.
Host Committee: Sandra Dartus, Denise Frazier, Régine René Labrousse, Jacqueline Simon, Nathalie Simon


THANK YOU TO OUR PARTNERS

Organisation internationale de la Francophonie · Centre de la francophonie des Amériques · New Orleans Tourism & Cultural Fund · Louisiana Office for Cultural Development · Haitian Resource Development Foundation · New Orleans & Company · New Orleans Contemporary Arts Center · Fondation Barbancourt · Fondation Louisiane · Neal Auction Company · New Orleans Jazz Museum · Artsper · Antenna · Omni Royal Orleans

 
 
 


Special thanks:

Dr. Jacques Bartoli, Dr. Aldy Castor, Mr. Jean-Louis Testud, Mr. Philippe Gustin, Mr. Jean-Pierre Besse, and the Haitian Resource Development Foundation

Mrs. Marie Babington Thomas, in honor of Fr. Wilfranc Augustin and the people of Paroisse St. Louis Roi de France, Pointe-à-Raquette

Mr. Davon Barbour






WE ARE A CULTURAL INSTITUTE PROMOTING FRENCH AND CREOLE ACROSS LOUISIANA AND THE UNITED STATES. WE ARE THE NOUS FOUNDATION.

 
 

CONTACT    |     PRIVACY    |     TERMS

© 2023 NOUS FOUNDATION, INC.